Bitè 2 fwa kont Venezuela ki pèdi (3-0) nan kad eliminatwa Koup Dimond 2026 la, atakan ajanten an Lionel Messi (38 lane, 194 seleksyon pou 114 gòl) jwe petèt dènye match ofisyèl li ak Ajantin nan peyi Ajantin.
Avèk sansasyon sa, jwè Inter Miami an pa kache emosyon li kote li te eksprime sa li resanti. Antrenè Lionel Scaloni pwofite okazyon an pou rann li omaj.
Kote Messi
Mwen pa panse m ap jwe yon lòt Koup Dimond, lojik la se paske mwen pa kwè m ap rive, men nou la, mwen plen espwa e anvi. Li klè jodi a, se dènye match avèk pwen ki an danje. Si mwen santi m byen, m ap pran plezi. Si mwen pa byen, mwen prefere pa la. Wè m fini la, se sa mwen te plis reve."
Messi raple enpòtans lyen ki genyen an ak pèp ajanten an: "Pandan plizyè lane, mwen te jwenn anpil afeksyon nan Barcelone, e rèv mwen se te jwenn la tou, nan peyi m."
Lionel Scaloni pou rann Omaj ak Messi
"Pa gen gwo bagay pou di sou match Leo a. Yo te di m aprè kout siflè a, Leo te resanti anpil emosyon, se byen paske sa pwodwi. Li difisil anpil pou nou kote n ye a, nan yon sitiyasyon ki bèl e pozitif. Mwen ap di talè a mwen pa renmen gade dèyè, men si m fè l, mwen panse ak tout sa ki te pase pou nou kapab pwofite sa. Mwen espere sa ap dire."
Si pa ta gen sipriz pi devan, Messi riske jwe Mondyal 2026 la ki kapab dènye gwo tounwa l avèk Ajantin.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou