AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Plizyè jwè kòmanse rive nan kan baz seleksyon an pou eliminatwa Mondyal la

imaj atik la

02 septanm 2025   Benswilkenson Jean   711

Seleksyon nasyonal la gen 2 gran randevou nan kòmansman mwa sa. Plizyè jwè gentan make prezans yo.


Sébastien Migné deja lanse preparasyon l pou 2 gwo rankont Ayiti ap genyen pou trèv entènasyonal la nan kad eliminatwa Mondyal 2026 la.

Nan yon lis 23 jwè li sòti dènye jou yo deja gen 7 jwè ki reponn prezan nan kan antrènman Grenadye yo nan Willemstad nan peyi Kiraso.

Jwè ki deja prezan yo se: Jean Kevin Duverne, Jean Richner Bellegarde, Yassine Fortuné, Teo James Michel, Keeto Thermoncy, Frantzdy Pierrot ak Josué Duverger.

N ap raple Ayiti ap genyen pou jwe 5 septanm lan kont Onndiras epi 9 septanm kont Kostarika.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )