AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Arkema Première Ligue : Sherly Jeudy sove RC Lens kont PSG nan premye jounen an

imaj atik la

6 Septanm 2025   Steeve Pierre   424

Arkema Première Ligue la te louvri sezon li ak yon gwo afich ant RC Lens ak Paris Saint-Germain nan estad Bollaert-Delelis lan jodi a. Yon match ki te make pa prezans twa (3) Ayisyèn nan ekip Lens lan : Dayana Pierre-Louis, Jennifer Limage ak Sherly Jeudy.


Nan konpozisyon titilè yo, Dayana Pierre-Louis ak Jennifer Limage te pran plas yo depi premye minit la. Tou de (2) te jwe tout rankont lan, pote estabilite nan defans ak mitan teren Lens lan. Sherly Jeudy, li menm, te kòmanse sou ban rezèv la anvan li rantre nan 76èm minit nan plas Louann Archier.

PSG te pran avantaj eskò a depi nan 25èm minit gras ak yon gòl Kanjincha te make, parizyen yo te kenbe mennen nan eskò a jouk nan fen match la. Nan 84èm minit, sou yon sant byen mezire pa atakant maròk la, Kaïna El Koumir, Jeudy leve pou l make yon bèl gòl tèt ki pote egalizasyon an pou RC Lens (1-1).

Rankont lan fini sou yon nil (1-1), yon rezilta Lens ka konsidere kòm yon bon pwen kont youn nan gwo ekip chanpyona a. Pou Sherly Jeudy, se yon demaraj reyisi, li ki sòti sou ban an, vin tounen ewoyin ekip la.

Premye jounen an deja montre jwez ayisyèn yo gen yon wòl enpòtan pou jwe nan Arkema Première Ligue la. Avèk Dayana Pierre-Louis, Jennifer Limage ak Sherly Jeudy, RC Lens kapab konte sou fòs Grenadyè yo pou pote ekilib ak siksè nan sezon an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou