AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Jean Ricner Bellegarde an bon Grenadye

imaj atik la

Premye Septanm 2025   Jacky Chery   751

Yon moman istorik pou seleksyon nasyonal ayisyèn lan ki akeyi pou premye fwa nan ran l mitan tèren Wolverhampton lan, Jean Ricner Bellegarde.


Aprè plizyè lane ap tann, piblik ayisyen an pral kapab wè Jean Ricner Bellegarde sou koulè ekip nasyonal lan pou dènye faz eliminatwa mondyal 2026 lan. Jwè 27 lane an pami premye Grenadye ki rive nan peyi Kiraso.

Nan yon videyo andirèk sou paj Facebook federasyon an, Jean Ricner Bellegarde te pwofite moman sa nan ayopò Willemstad lan pou livre premye enpresyon li sou vini li nan ekip nasyonal lan. « Mwen fyè pou m rejwenn seleksyon an », yon pati nan premye deklarasyon sa.

Jean Ricner Bellegarde ki jwe yon wòl enpòtan nan efektif Wolverhampton lan depi sezon pase, se prensipal atraksyon ekip nasyonal lan k ap gen pou jwe nan dat 5 ak 9 septanm k ap vini la fas Onndiras ak Kostarika.

Annatandan efektif lan fin konplè nan peyi Kiraso, 9 Grenadye deja rive sou plas, pami yo nouvo tankou Yassine Fortuné ak Keeto Thermoncy. Rès jwè yo ta sipoze rive ant aswè an ak demen madi 2 septanm lan.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )