Kylian Mbappé kontinye ap ekri non li nan listwa foutbòl fransè a. Ayè, nan match kont Ikrèn nan kad eliminatwa Mondyal 2026 yo, atakan Real Madrid la make yon lòt gòl ki pa sèlman ede Lafrans genyen nan rankont lan, men ki fè l egale Thierry Henry nan klasman pi gwo bitè seleksyon fransè a.
Avèk reyalizasyon sa a, Mbappé rive nan 51 gòl sou koulè mayo ble a, menm kantite ak Henry, ki te lontan konsidere kòm dezyèm pi gwo bitè listwa seleksyon an dèyè Olivier Giroud. Perfòmans sa a montre kijan ansyen jwè PSG a ap monte chak lane epi ranfòse wòl li kòm prensipal zam ofansif ekip nasyonal la.
Anplis chif yo, gòl sa a se yon lòt prèv kapasite Mbappé pou leve vwa li nan gwo moman yo. Malgre laj li toujou jèn, li deja parèt tankou youn nan pi gwo lejann foutbòl fransè a. Kounye a kesyon se konbyen tan li pral pran pou l depase Henry, epi ki kantite gòl li ka fè anvan li fini karyè li. Men, si li kontinye sou menm lanse sa Olivier Giroud p ap kenbe tèt klasman sa pou lontan.
6 pi gwo bitè nan listwa seleksyon fransèz la.
1. Olivier Giroud – 57 gòl
2. Thierry Henry – 51 gòl
3. Kylian Mbappé – 51 gòl
4. Antoine Griezmann – 44 gòl
5. Michel Platini – 41 gòl
6. Karim Benzema – 37 gòl
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou