Defansè entènasyonal ayisyèn Ruthny Mathurin franchi yon nouvo etap nan karyè foutbòl li. Grenadye an siyen premye kontra pwofesyonèl li avèk Racing Power FC nan peyi Pòtigal.
Aprè anviwon 4 lane nan foutbòl inivèsitè an nan peyi Etazini, jwez 24 lane an rejwenn Liga BPI an kote l pral gen pou evolye pandan sezon 2025-2026 lan. Yon nouvèl klèb lan ofisyalize jodi vandredi an.
Ruthny Mathurin ki fòme nan ranch Kwadèboukè, vin grandi lis jwez ayisyèn ki sou mache pwofesyonèl lan. Defansè ayisyèn lan rejwenn Racing Power FC ki se yon klèb premye divizyon Pòtigal.
Ruthny Mathurin se yon abitye nan seleksyon nasyonal ayisyèn lan. A 24 lane, jèn defansè an te gen chans evolye nan tout kategori ekip nasyonal ayisyèn lan jiska patisipasyon l nan mondyal Fanm 2023 a nan peyi Ostrali ak Nouvèl Zelann.
Aprè pasaj li nan Mississippi State University, Ruthny Mathurin rantre nan mond foutbòl pwofesyonèl lan. Yon demach ki san dout pral kapab favorize retou li nan seleksyon nasyonal ayisyèn lan k ap gen pou reprann aktivite nan mwa novanm k ap vini la.
N ap note, Liga BPI an ap gen pou relouvri 14 septanm k ap vini la. Nouvo klèb Ruthny Mathurin an, Racing Power FC, ap gen pou lanse sezon an kont Benfica FC.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou