ALMAYBundesligaBundesliga2DFB-PokalLòt
AKÈY ALMAY Bundesliga

Bundesliga

Yon gwo klèb nan Bundesliga a revoke antrenè l aprè 2 jounen sèlman

imaj atik la

01 septanm 2025   Benswilkenson Jean   537

Chanpyona peyi Almay la sou dezyèm jounen l, Bayer Leverkusen revoke antrenè l la.


Bayer Leverkusen ap konnen yon moman difisil aprè klèb la fin pèdi majorite jwè pilye li yo ak antrenè li a Xabi Alonso.

Aprè Real Madrid te fin pran Xabi Alonso, dirijan Leverkusen yo te panche balans yo sou ansyen antrenè Manchester United la Eric Ten Hag. Yon chwa ki pral fè dirijan klèb alman an regrèt aprè sèlman 2 jounen nan chanpyona a.

Dirijan yo deside revoke antrenè olandè a pou move rezilta aprè sèlman 2 jounen nan Bundesliga a. Aprè 2 jounen, sou 6 pwen ekip Bayer Leverkusen lan pran sèlman yon grenn pwen. Yo fè yon defèt ak yon match nil.

N ap raple direksyon Bayer Leverkusen lan vann majorite jwè ki te konn titilè nan ekip la sou Xabi Alonso.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )