Sou dènye wout dwat pou mennen nou nan Mondyal 2026 la k ap fèt tou pre a (Etazini, Kanada ak Meksik), premye obstak seleksyon nasyonal la se Onndiras. Ayiti ap resevwa match sa demen vandredi nan lè 8è nan aswè nan estad Ergilio Hato nan vil Wilemstad nan peyi Kiraso.
Pou Grenadye yo, se p ap yon senp premye match. Se pral okazyon pou jwè yo rebay pèp la konfyans aprè fyasko nan mwa jen pase a kote nou te pèdi mal kont Kiraso (1-5) nan dènye match eliminatwa Mondyal la epi fè move figi nan Gold Cup la ak 2 defèt plis yon match nil nan 3 match.
Listwa resan match kont Onndiras yo fè nou ka atann nou ak yon match ekilibre. Sou twa dènye match yo se de (2) viktwa pou Onndiras kont youn (1) pou Ayiti. Okenn ekip pa t rive domine lòt konplètman nan okenn match sa yo. Se yon seri viktwa kout kote posesyon balon an te anviwon 50-50.
Selon klasman FIFA yo aktyèlman (66èm) epi nan dènye prestasyon yo Onndiras se yon ekip ki kòryas. Dayè dènye viktwa yo se te 2-1 kont menm Kiraso ki malmennen nou an, nan Gold Cup la yo te rive nan demifinal. Men, Grenadye yo pa janm pè. Nou ka bay tout ekip pwoblèm.
Ak nouvo jwè ki entegre ekip la, kapab genyen yon van chanjman nan atitid ak volonte nan mitan jwè yo. Yo se jwè kalite ki kapab tou enpoze yo kòm titilè epi gen lòt ki vin bay opsyon sou ban an.
Pami nouvo jwè yo, genyen Jean-Ricner Bellegarde, mitan Wolverhampton nan Premier League la. Anpil moun ap tann jwè sa pou premye pa l yo ak seleksyon an. Genyen tou Yassine Fortuné yon atakan ki ap jwe nan Vizela, ekip ki nan tèt klasman dezyèm divizyon Pòtigal la.
Jerry Desdunes, yon jèn elye ki jwe sou tou de (2) lèl yo se yon lòt nouvo nan ekip la. Desdunes se Jwè AV Alta nan USL League 1 nan peyi Etazini. Nou p ap bliye tou Keeto Thermoncy ki gen sèlman 19 lane, jwè kategori jèn Young Boys Bern nan peyi Laswis, ki vin defann koulè ble e wouj yo.
Match demen an se pral yon match lespwa, yon match kote ekip la ak pil talan sa yo ka jwenn bon fòmil mayonèz la gras ak detèminasyon epi inite pou yo montre rèv 2026 la ka reyalize.
Grenadye Alaso!
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou