AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Antrenè seleksyon an bay detay sou preparasyon l pou match kont Onndiras la

imaj atik la

05 septanm 2025   Benswilkenson Jean   387

Antrenè fransè seleksyon nasyonal la Sébastien Migné bay detay sou fason li ap prepare pou match kont Onndiras la aswè a.


Seleksyon nasyonal la bò kote mesye yo ap antrene nan yon batay enpòtan aswè a nan okazyon dènye faz eliminasyon mondyal 2026 la.

Grenadye yo ki sou 50 lane depi yo pa patisipe nan pi gwo fèt foutbòl la ap prepare yo gras ak plizyè ranfò pou kase chèn lan pou jwenn biyè kalifikasyon yo. Antrenè seleksyon an Sébastien Migné ki pèdi konfyans nasyon an aprè yon move pasaj nan Gold Cup la, gen obligasyon pou bay Ayiti kado sa a kòm dezyèm patisipasyon yo nan yon Mondyal.

Selon antrenè a yo pral pridan anpil kont onndiryen yo paske sistèm onndiryen yo kapab fatal pou yo si yo pa veye kò yo. Antrenè fransè a rekonèt kapasite frajilite ekip amerik santral la ki se yon abitye nan jan okazyon sa yo.

Selon ansyen antrenè Kenya a li di yo pral mize yo sou konsantrasyon ak efikasite pou kontrekare advèsè yo a.

N ap raple Grenadye yo ap antre nan batay aswè a nan lè 8è kont ekip Onndiras la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou