AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Frantzdy Pierrot rekonekte ak filè pou AEK Athène

imaj atik la

1e septanm 2025   Steve Pierre   707

Aprè plizyè mwa san make, atakan ayisyen an, Frantzdy Pierrot, finalman retounen sou tablo nòt la ak AEK Athènes. Se te ayè dimanch lan, nan yon viktwa (1-0) kont Asteras Aktor, nan dezyèm jounen chanpyona Grèk la.


Nan 38èm minit match la, Pierrot te pwofite yon konè Petros Mantalos te choute pou l leve pi wo pase defans lan e frape yon bèl tèt ki te kite gadyen Asteras la san okenn chans. Gòl sa te sifi pou mete AEK sou wout viktwa epi pran 3 pwen enpòtan nan kòmansman sezon an.

Se yon delivrans pou atakan seleksyon nasyonal ayisyen an ki t ap chèche yon nouvo gòl depi 22 fevriye 2025. Dènye fwa li te make, se te kont Asteras menm nan sezon pase a, pandan AEK Athènes te genyen yo (3-0) nan 24èm ounen an. Jou sa a, Pierrot te make twazyèm gòl ekip la.

Retou sa kapab sèvi kòm yon gwo souf pou atakan an, ki ap eseye jwenn yo estabilite nan peyi Lagrès. Pou klèb Grèk la, se yon bon siy tou, paske yo bezwen Pierrot nan pi bon fòm li pou defann tit yo epi rete nan tèt chanpyona a.

Aprè 6 mwa san gòl, Pierrot finalman rekonekte ak filè. Yon bon bagay pou rès sezon an, kote AEK ak piblik li yo ap tann anpil ni nan pye ak nan tèt atakan ayisyen an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )