AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Twa ayisyen nan XI ideyal 5èm jounen chanpyona dominiken an

imaj atik la

5 septanm 2025   Steve Pierre   420

Aprè 5èm jounen Liga Dominicana de Fútbol (LDF) la, responsab yo pibliye onz jwè ki te pi briyan nan fen semèn nan. Nan lis sa a, gen 3 ayisyen ki fè pati de li.


Nan mitan 11 yo genyen Jamesley Daniel, ki ap jwe nan Salcedo FC, Frantzety Hérard, jwè O&M FC epi Augustin Fernández, k ap defann koulè Atlético Vega Real.

Salcedo FC te fè match nil (2-2) ak Delfines Del Este FC pandan jounen an. Jamesley Daniel te make youn nan 2 gòl ekip li a, ki pèmèt yo sove yon pwen.

Nan lòt bò a, Atlético Vega Real te ale ranmase yon viktwa enpòtan (0-1) kont Atlántico FC an deplasman. Se Victor Morales ki te make gòl la, sou yon pas gòl mitan teren ayisyen an, Augustin Fernández, te ba li.

Pou pati pa li, O&M FC te frape fò, nan Estadio Panamericana a, kont gwo Cibao FC, yon match yo ranpòte (2-1). Se Frantzety Hérard ki te vin mete gòl viktwa a, yon reyalizasyon ki fè l jwenn plas nan onz ideyal jounen an.

Avèk 3 reprezantan nan seleksyon pi bon jwè yo, foutbòl ayisyen kontinye fè bri nan Lig dominiken an, sa montre tou kapasite jwè ayisyen yo pou yo enpoze yo sou sèn entènasyonal la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou