Seleksyon nasyonal la ap antre nan batay aswè a kont ekip Onndiras la. Pami 5 abit CONCACAF dezinye pou ofisye match la gen 4 kanadyen.
Match la ap jwe nan estad Ergilio Hato a nan kad premye match grenadye yo nan dènye faz eliminatwa mondyal 2026 la.
Pou match enpòtan sa a, se Pierre Luc Lauzière, jèn abit 39 lane ki pral dirije match la. Avèk li pral gen Stéphane Tanaka Freundt kòm premye asistans, Gérald-Kader Lebuis kòm dezyèm asistans ak Filip Dujic kòm katriyèm ofisye.
Se sèl Óscar Marcias ki se yon abit meksiken ki pral pran chaj kòdonatè kat kandyen sa yo.
Selon federasyon ayisyèn foutbòl, seleksyon nasyonal la ap jwe ak mayo ble epi Onndiras ap jwe an blan.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou