Chanpyona fanm fransèz la, Arkema Première Ligue la, louvri pòt li jodi 6 septanm 2025 pou l rive jouk 6 me 2026. Nan konpetisyon sa ki rasanble 12 ekip, gen 7 ladan yo ki gen jwez ayisyèn. Sa vle di chak wikenn, n ap gen chans swiv konfwontasyon ant ayisyèn sou teren Ewòp yo
Arkema Première Ligue, chanpyona fanm nan Lafrans, se pi gwo nivo foutbòl fanm nan Ewòp. Se la pi bon jwez planèt la konfwonte chak sezon, nan estad ak gwo enfrastrikti ki make distans ant sa n ap viv Ayiti sou tè pousyè ak reyalite pwofesyonèl yo an Ewòp.
Nan vwayaj sa, plizyè jèn ayisyèn deja fè gwo chimen, ap pran galon, epi ap mete non yo sou kat foutbòl entènasyonal la. Pi gwo egzanp lan se Dumornay Daëlle Melchie, ki rive nan pwen pou l antre nan lis nominasyon Ballon d’Or la. Sa poze yon kesyon k ap fè kè tout fanatik bat pi fò : konbyen lòt ayisyèn ki pral jwenn nominasyon nan lane k ap vini yo?
Nan sezon 2025-2026 la, nan 12 ekip ki nan chanpyona a, gen 7 ladan yo ki genyen jwez ayisyèn :
Montpellier HSC : Kethna Louis
ASSE (Saint-Étienne) : Amandine Pierre-Louis, Deborah Bien-aimé
OL Lyonnes : Dumornay Daëlle Melchie
Nantes FC : Roseline Eloissaint
Olympique de Marseille : Maudeline Moryl, Tabita Joseph
RC Lens : Jennifer Limage, Sherly Jeudy, Dayana Pierre-Louis
Pou Lourdjina Étienne ki travèse an Ewòp, li ap grandi nan U19 FC Fleury 91 lan, men daprè kèk obsèvatè kotch fransè a, Frédéric Biancalani, kapab detanzantan rele li ak premye ekip la.
Avèk yon prezans konsa nan lig ki pi fò an Ewòp lan, Ayiti gen rezon pou l fyè. Se pa sèlman yon reyalizasyon pèsonèl pou jwez yo, men se tou yon sous enspirasyon pou jenerasyon k ap vini yo. Pandan n ap tann gwo seleksyon pou Grenadières yo, eksperyans sa yo ap kontinye ranfòse nwayo ekip nasyonal la.
Sezon sa a, chak wikenn ap pote non Ayiti sou sèn foutbòl fanm lan. Epi pandan Melchie ap louvri baryè Ballon d’Or la, nou ka kwè demen gen lòt Ayisyèn k ap make listwa.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou