Nan Estadio Parque Del Este, 5èm jounen La Liga Dominicana a te pote yon rankont ant Delfines Del Este FC ak Salcedo FC. Match la fini sou yon eskò (2-2), men yon fwa ankò se non Jamesley Daniel ki fè tit yo, paske atakan ayisyen an pa sispann make.
Salcedo te pran avantaj bonè nan 17èm minit lan gras ak Jamesley Daniel ki kontinye montre efikasite li nan zòn atak la. Se 7èm gòl li depi kòmansman sezon an, yon estatistik ki mete l pami pi gwo atakan chanpyona a. Pi ta nan 36èm minit, Starling Alba te double avantaj la pou Salcedo (0-2).
Men, Delfines yo pa t deside lage batay la. Cristian Mena te redwi diferans lan nan 45+1 anvan yo rantre nan poz, epi Christopher Almonte te pote egalizasyon an nan 59èm minit.
Malgre yo rate okazyon pou pran twa pwen an, Salcedo FC rete 2e nan klasman an ak 11 pwen, dèyè lidè a Pantoja ki gen li menm 12 pwen.
Aprè 5 premye jounen yo, li klè pou tout moun : Jamesley Daniel se gwo zam Salcedo a. Chak match li jwenn filè a, epi li vin tounen pi gwo espwa fanatik ekip la nan kous pou tit sezon sa a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou