UEFAChampionsLeagueEuroEuropaLeagueLòt
AKÈY UEFA Lòt

Lòt

UEFA frape Larisi, men fè silans pou Izrayèl

imaj atik la

7 septanm 2025   Steve Pierre   304

Izrayèl ale kraze Mòldavi (0-4) nan eliminatwa Koup Dimond 2026 yo, pandan semènn nan. Viktwa sa a mete yo 2èm nan gwoup Ia ak 9 pwen dèyè Itali ki gen 12 pwen aprè 4 jounen. Men, pandan yo ap briye sou teren an, yon gwo deba ap louvri sou ipokrizi ant dosye Larisi/Ikrèn ak Izrayèl/Palestin nan foutbòl entènasyonal la.


Nan mikwo televizyon nan peyi Sloveni, prezidan UEFA a, Aleksander Čeferin, deklare li pa dakò yo pini espòtif pou aksyon politik peyi yo. Poutan, sitiyasyon aktyèl la montre yon kontradiksyon klè. Depi 3 zan edmi, espòtif ris yo deyò nan tout gwo konpetisyon akòz lagè kont Ikrèn, epi Izrayèl ap kontinye jwe tout konpetisyon, tankou jodi a yo jwe kalifikasyon mondyal yo malgre jenosid kont sivil palestinyen nan Gaza.

Pozisyon sa a fè anpil moun pale de yon “ipokrizi” nan fason foutbòl ewopeyen an jere kriz yo, nan lang fransè a nou te ka di "deux poids deux mesures". Pou Larisi, Ewòp te reyaji vit ak fò, anba gwo presyon politik. Men pou Izrayèl, UEFA ak FIFA fèmen je yo epi kache dèyè pawòl “netralite espòtif”.

Plizyè obsèvatè ak òganizasyon imanitè denonse sa kòm yon ipokrizi klè. Yo raple foutbòl toujou pale de valè imanitè, mete bandwòl “Stop killing children” pandan gwo match yo. Men lè se pou pran pozisyon sou Gaza tout moun bèbè. Pèsònn paka kanpe a klè pou pale.

Rezilta Izrayèl sou teren kont Mòldavi a ka klere sou papye, men nan reyalite, kesyon ki pi lou a rete san repons: poukisa Larisi peye pri total pou lagè Ikrèn nan, pandan Izrayèl kontinye jwe an tout libète malgre anpil timoun Palestinyen ap tonbe anba bonm? Foutbòl, ki ta dwe inivèsèl, sanble gen 2 balans diferan.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )