AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Batcheba Louis frape pou premye match li nan Barklays WSL 2 an

imaj atik la

7 Septanm 2025   Jacky Chéry   179

Atakan entènasyonal ayisyèn lan pa pran tan pou ekri non l nan foutbòl anglè an. Batcheba Louis enskri youn nan gòl Birmingham City enskri jodi dimanch lan nan viktwa 5-1 fas Bristol City an.


Apèn rive, Batcheba Louis kòmanse fè pale kapasite fè gòl li an. Grenadye an te bezwen sèlman 7 minit pou make premye gòl li sou koulè nouvo klèb li, Birmingham City.

Atakan entènasyonal ayisyèn lan te kòmanse sou ban ranplasan, a'van l ta pral rantre nan 69èm minit nan plas Christie Murray. Sou yon erè defans, Batcheba Louis kwaze yon chout nan dezyèm poto an pou te pèmèt Birmingham City mennen 5-1.

N ap raple, atakan ayisyèn 28 lane an kite FC Fleury sezon sa pou vini premye jwez ayisyèn ki jwe nan chanpyona pwofesyonèl Angletè an. Yon avanti ki parèt pral entèresan pou jwez ayisyèn lan ki te deja briye nan peyi Lafrans.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )