UEFAChampionsLeagueEuroEuropaLeagueLòt
AKÈY UEFA ChampionsLeague

ChampionsLeague

Luis Enrique reyaji sou match tout fanatik foutbòl t ap tann lan

imaj atik la

29 awout 2025   Neuvième Junior   165

Chanpyon an tit la, Paris Saint-Germain jwenn yon tiraj tèt chaje nan faz Ligue des Champions an. Ekip l ap gen pou afwonte pou eseye fini nan top 8 la se : Bayern Munich, FC Barcelone, Atalanta Bergame, Bayer Leverkusen, Tottenham, Sporting Portugal, Newcastle ak Athletic Bilbao.


Chanpyon an tit la, Paris Saint-Germain jwenn yon tiraj tèt chaje nan faz Ligue des Champions an. Ekip l ap gen pou afwonte pou eseye fini nan top 8 la se : Bayern Munich, FC Barcelone, Atalanta Bergame, Bayer Leverkusen, Tottenham, Sporting Portugal, Newcastle ak Athletic Bilbao.

Men sezon pase, fason klèb PSG a ak Barcelone t ap krache dife a, fè anpil moun te swete wè 2 ekip yo nan yon konfwontasyon. Ebyen malgre se yon lòt sezon kote gen ti chanjman nan klèb yo, rèv anpil fanatik foutbòl reyalize e se nan pigwo konpetisyon ewopeyen an. Fas ak sitiyasyon sa, ansyen antrenè klèb espanyòl la Luis Enrique reyaji ak tiraj PSG a.

Antrenè espanyòl la ki te chanpyon konpetisyon sa ak Blaugrana yo nan lane 2015, rekonèt difikilte ki gen nan defi ki sou wout yo a. Men pou otan li raple piblik la lanbisyon klèb la se dekwoche yon dezyèm tit ewopeyen konsekitif.

"Se yon santiman ki pozitif e negatif. Mwen kontan retounen laba a, se lakay mwen. Se yon klèb ki ap chache jwe yon bèl foutbòl, trè ofansif. Se toujou yon match ki agreyab. Men si mwen dwe tande kè m...afwonte klèb ki plis ede m lan, se toujou espesyal, toujou difisil. Se yon santiman ki pataje", eksplikasyon teknisyen parizyen an nan konferans pou laprès.

N ap raple Luis Enrique te kwaze Barça nan lane 2023-2024 nan kadefinal (2-3, 1-4). PSG ki te gen match retou a lakay Barça te pase etap la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )