Nan lakou Almay, bagay yo kòmanse pran yon lòt faz anndan klèb Bayer Leverkusen lan. Aprè plizyè jwè te ale ak tout antrenè, dirijan yo te chwazi Erik pou eseye kenbe flanbo a anndan ekip la. Malerezman sa kapab kapote pou manadjè a.
Aprè sèlman 2 match nan Bundesliga a, Erik ten Hag sou wout pou klèb la ta limoje l. Daprè magazine Kicker jodi dimanch lan, antrenè Bayer Leverkusen lan gentan nan ti papye pou ta fè wout li akoz yon kòmansman sezon ki rate nan chanpyona a. Ladann genyen yon defèt fas Hoffenheim (1-2) e yon nil sou tèren Werder Brême (3-3), samdi a sa ki pi tris la, yo pran 2 gòl pandan yo te an siperyorite nimerik (11 Kont 10).
Fas ak reyalite sa, dirijan yo pa defann teknisyen neyèlandè a ki ap sibi anpil kritik poutèt pèfomans sa. E sa vle pouse ekip la di l mèsi lè mèkato a fini. Selon sa ki pibliye, yo fè konnen Werkself yo p ap pran tan pou siyen divòs ak antrenè a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou