Luka Modrić ansyen jwè Real Madrid ki rejwenn Milan AC sezon sa, fè talan l pale pou li nan plas laj li.
Nan kad dezyèm jounen ouvèti Serie A a, Milan AC ki te fè yon fo pa nan premye match li ale korije Lecce jodi a avèk yon bon Modrić ki fè sa l konn abitye fè yo.
Depi nan kòmansman rankont lan, Milan te pran desizyon pou gen kontwòl match la, depi nan 4 minit yo te gentan jwenn ouvèti eskò a men Var te anile gòl sila e premye peryòd la te fini 0-0. Dezyèm mitan, jwè Massimiliano Allegri yo te livre yo nan batay la jis yo make kont advèsè a. Gòl 1-0 sa vini sou yon sèvis milye tèren Kowat la bay Loftus-Cheek nan 66èm minit pou te pèmèt Milan mennen 1-0.
77èm minit, antrenè a te fè antre Christian Pulišić ki te agrave sitiyasyon an nan 86èm minit epi pèmèt ekip la genyen Lecce (2-0). Milan AC ki chavire advèsè a, pran premye 3 pwen yo nan chanpyona a.
Lukita ki rete kòm yon patwon sèvi ekip la padan tout tan match la e patisipe nan premye viktwa li ak nouvo klèb li.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou