Sezon pase, Al-Hilal ki te youn nan tòp klèb ki gen nan kontinan azyatik la, pa t rive konsève tit chanpyon Arabi Sawoudit la aprè yo te fin pranl nan lane 2023-2024. Pou sezon sa, klèb sa ki te patisipe nan nouvo fòma mondyal klèb lan demare ak yon sèl objektif, fè yon bèl sezon pandan y ap ranpòte tit, spesyalman SPL la.

Nan lansman chanpyona a, ble yo te gen sou wout yo Al-Riyadh pou demare ak tantativ pran premye 3 pwen nan chanpyona a. Devan piblik yo nan Kingdom Arena, Al-Hilal fè premye viktwa li jodi a.
Avèk yon bon Al-Dawsari ki sèvi Al-Harbi 22èm epi Malcom 45e+3, koyekipye Núñez yo enpoze yo (2-0) e pran premye 3 pwen yo nan SPL la. Simone Inzaghi ansyen antrenè klèb Inter Milan nan peyi Italie, ap konnen yo nouvo defi nan karyè li.
Malgre rankont lan te parèt fasil pou ble e blan yo, sa pa anpeche yo fè 2 grenn gòl sèlman nan match la pou pèmèt teknisyen italyen an anrejistre premye siksè li nan Saudi Professionnal League la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou