Nan lakou Espay, Liga a sou twazyèm jounen ouvèti l. Fason abitid la konn souvan ye, FC Barcelone, Real Madrid e Atletico Madrid konn souvan ap enpoze lwa yo depi nan kòmansman sezon an menmsi konn gen kèk klèb ki vle foure kò yo pafwa.

Pou sezon sa, depi lè sa demare a, Simeone ak jwè li yo pako kapab jwenn posyon majik ki pou ta lanse yo a. Nan twazyèm rankont yo nan Liga a, klèb ATM lan ki te pèdi nan premye jounen an e konnen yon nil nan dezyèm match yo nan Liga, te gen pou jwe kont Alavés nan 3èm jounen. Malerezman pou yo, sa pa byen fini pou yon lòt fwa ankò.
Difisil pou yo genyen depi lè sezon an kòmanse, Atletico Madrid pa rive genyen Alavés jodi samdi a. Malgre ouvèti eskò a te vini byen rapid ak Simeone (7èm), Colchoneros yo te sibi egalizasyon an sou yon penalite Vicente te transfòme (13èm). Rojiblancos yo te kontinye pouse san jwenn fay nan defans ekip la.
Avèk sèlman 2 pwen, Atletico okipe 14èm plas la pou moman an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou