Premye jounen chanpyona Arabi Sawoudit e premye match byen metrize pou Al-Ittihad ki fè yon bèl viktwa sou Al Okhdood (2-5), ayè samdi an. Avèk yon triple, Karim Benzema (37 lane) mennen ekip la fè yon siksè pandan li akonpanye ak Bergwijn e Al Rubaie, ki make kont kan li.

Avèk twa reyalizasyon sa yo, atakan fransè a franchi limit senbolik sa ki se 500 gòl. Aprè eksplwa sa, KB9 pase ak 501 gòl nan karyè l e vini 26èm jwè nan listwa ki make kantite gòl sa.
Lè nou eseye fè yon koudèy nan palmarès jwè a, li bay 354 gòl ak Real Madrid, 66 avèk Olympique Lyonnais, 44 sou koulè Al Ittihad epi 37 nan pakou l nan seleksyon Frans lan. Karim ki te pwofite moman an pou reponn ak João Félix montre chanpyon an tit yo pa vin pou blag fason yo kòmanse fò a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou