Barcelone jwe jodi a kont Rayo Vallecano nan kad 3èm jounen Liga a. Catalan yo sòti ak yon match nil.
Nan kad 3èm jounen Liga espanyòl la ekip Hansi Flick la te an deplasman lakay Rayo Vallecano.
Nan match la mitan tèren olandè a Frenkie De Jong reyaji sou pwoblèm videyo asistans lan t ap bay la. Selon ansyen jwè Ajax la, yo te di VAR pa t fonksyone yon premye tan. Aprè sa selon sa l di yo vin di li fonksyone sèlman pou òje.
"Anvan sa, yo di li pa t fonksyone, aprè yo di li fonksyone sèlman pou òje. Yon ti tan aprè yo di li pa bon menm, aprè yo di li tounen bon ankò. Mwen pa konn kisa k pase" Frenkie De Jong nan mikwo laprès.
Mitan tèren baselonè a fè konnen li enposib pou yo jwe nan yon sitiyasyon konsa. "Se enkyetan anpil paske li enposib pou nou jwe san VAR akoz òje yo. Paske yo toujou pre nou epi nou jwe ak yon defans ki wo anpil" Frenkie De Jong.
N ap raple Barcelone gen 7 pwen aprè 3 jounen nan Liga a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou