AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Wilson Isidor sove ekip li nan yon gwo match

imaj atik la

30 dawout 2025   Benswilkenson Jean   1672

Sunderland jwenn viktwa nan 3èm jounen Premier League la gras ak ayisyano-fransè a, Wilson Isidor nan tan adisyonèl yo.


Pou 3èm jounen Premier League la ekip Sunderland lan ki apèn monte nan Premier League la sezon sa a, t ap resevwa ekip Brentford la.

Match sa ki jwe nan Stadium of Light la, te okazyon pou jèn atakan 25 lane a make dezyèm gòl li nan Premier League la.

Ekip Sunderland lan pa t wè ki sen pou li rele nan moman Wilson Isidor te monte a kèk minit aprè yo te jwenn ouvèti eskò a sou ekip Sunderland lan.

Gras ak Enzo Le Fée sou penal yo ta pral egalize nan 82èm minit.

Wilson Isidor sove ekip Sunderland lan nan 90+6 minit sou yon pas ansyen jwè Arsenal ak Leverkusen lan Granit Xhaka.

Aprè viktwa sa, Sunderland fè 6 pwen sou 9 posib nan Premier League la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )