Yon semèn anvan lansman Seconde Ligue la nan peyi Lafrans, atakan entènasyonal ayisyèn Josephine Vanuxeem deside pran yon plas ki pi enpòtan nan efektif Lille OSC an pou sezon an.
Yè samdi a, Grenadye an ki fòme nan klèb LOSC lan bitè nan defèt Dogues yo fas klèb bèlj KAA Gent (1-2). Yon reyalizasyon ki pa anpeche Lille tonbe pou dènye match presezon li an.
Aprè yon sezon 2024-2025 konplike kòm rezèvis, Josephine Vanuxeem sanble vle chanje done yo. Jwez ayisyèn 21 lane an enskri gòl sa pou LOSC yo, nan yon moman kote se dènye mizanplas yo k ap fèt anvan sezon an lanse ofisyèlman.
Jèn grenadye an ta dwe sèvi ak reyalizasyon an pou bouste l epi ranfòse pèfòmans li sou sezon 2025-2026 lan. Josephine Vanuxeem te jwe sèlman yon santèn minit sezon pase an nan yon seri bout match.
N ap raple, jwez 21 lane an te fè premye zam li avèk seleksyon nasyonal ayisyèn lan nan mwa oktòb 2023 kote l te menm fè gòl pou Ayiti sou youn nan 2 match li jwe yo avèk ekip nasyonal lan.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou