ITALISerieASerieBCoppaItaliaLòt
AKÈY ITALI Lòt

Lòt

Gianluigi Donnarumma rejwenn yon ti souri malgre PSG ap pouse do l

imaj atik la

29 awout 2025   Neuvième Junior   300

Gianluigi Donnarumma ki sibi yon imilyasyon nan men dirijan Paris Saint-Germain, pa pèdi tan pou rete konekte ak mond foutbòl la fwa sa ak seleksyon li.


Gianluigi Donnarumma ki sibi yon imilyasyon nan men dirijan Paris Saint-Germain, pa pèdi tan pou rete konekte ak mond foutbòl la fwa sa ak seleksyon li.

Nan okazyon premye trèv entènasyonal sezon an, Gennaro Gattuso devwale jodi vandredi a lis pou match desizif Itali ap gen pou jwe kont Estoni ak Israyèl, nan kous pou Koup Dimond 2026 lan. Pami 28 jwè konvoke yo, Gianluigi Donnarumma (26 lane 74 seleksyon), atire atansyon tout moun ki konnen kòman sa ye pou gadyen an.

Malgre yo Ekate li nan gwoup PSG a, pouse do l pou kapab kite ekip la, gadyen e kapitèn seleksyon an jwenn konvokasyon Squadra Azzurra. Desizyon sa ansyen antrenè Milan AC a pran, pa yon bagay ki piti menm. Lè nou gade byen, nou kapab konstate desizyon an vrèman gen anje ladann koz li pa jwe. Men sa pa anpeche teknisyen an konte sou li pou rejwenn efektif la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )