FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Yon abit espanyòl pou match Ayiti-Brezil la

imaj atik la Kredi Foto: @Golayiti

17 jen 2026   Benswilkenson Jean   666

Seleksyon ayisyèn lan ap jwe dezyèm match li nan Mondyal la fas peyi Brezil. Alejandro Hernandez se non abit espanyòl ki pral dirije rankont sa a.


Alejandro Hernandez se yon abit espanyòl ki fèt nan dat 10 novanm 1982 nan Aresife nan peyi Espay. Li gen 43 lane. Se li menm ki pral gen gwo tach pou jere règ jwèt la sou tèren ant Ayiti ak seleksyon Brezilyèn lan.

Hernandez pral dirije premye match li nan yon Mondyal. Men toutfwa li deja gen eksperyans nan anpil gwo rankont tankou klasik Barcelone-Real Madrid li dirije anviwon 5 fwa deja. Hernandez ap dirije match pou FIFA depi lane 2014. Men se pou premye fwa li fè pati lis abit ki pral dirije yon match Mondyal.

Pou match Ayiti-Brezil la Hernandez ap gen bò kote l Jose Henrique Naranjo ak Diego Sanchez.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )