AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Brittany Raphino ak Sporting Club : yon listwa lanmou ki pran fen

imaj atik la Kredi Foto: @Brittany Raphino

15 Jen 2026   Jacky Chéry   790

Aprè 2 sezon nan peyi Pòtigal, karyè foutbòl atakan entènasyonal ayisyèn Brittany Raphino sou wout pou pran yon lòt direksyon. Sporting CP anonse jodi lendi an Grenadye an nan lis jwez ki kite klèb lan pandan fen sezon an.


Atakan 25 lane an, ki konnen yon sezon trè konplike nan Liga BPI an avèk prensipalman plizyè blese ki te rann li pa t vrèman kapab jwe foutbòl, wè avanti li menm avèk Sporting CP pran fen. Pou kounya, okenn anons ofisyèl poko fèt sou pwochen destinasyon an.

Avèk Sporting CP, Brittany Raphino te toujou montre kalite bitè li an kote malgre tout bagay li te reyisi make 5 gòl nan chanpyona fanm Pòtigal la nan 8 match li jwe yo. Separasyon sa kapab fè fanatik Sporting Club yo mal akoz jwez ayisyèn lan te souvan fè yo rele gòl nan match yo.

N ap note, plizyè gwo klèb ewopeyen dèyè Grenadye an, prensipalman Inter Milan ki deja trè avanse nan dosye an. Si transfè sa abouti, Brittany Raphino kapab vini premye jwez ayisyèn ki jwe nan Serie A fanm nan.

Li enpòtan pou n raple Brittany Raphino fèt nan lane 2000, e te chwazi reprezante Ayiti sou sèn entènasyonal la nan avan dènye fenèt entènasyonal FIFA a. Malerezman akoz blese li an, mete sou pwoblèm administratif, rann li pa t kapab monte tèren pou seleksyon ayisyèn lan.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou