Kredi Foto: @Golayiti
Koup Dimond 2026 la ki ofisyèlman demare 11 jen an, depi lè sa gen anviwon 8 match ki jwe ladan l. Almay se ekip ki bay plis gòl la jiska prezan.
Mondyal 2026 la konte kòm 23èm edisyon fèt istorik sa ki reyini peyi nan divès konfederasyon ki egziste nan mond lan. Òganizasyon evènman sa ki fèt anba FIFA, edisyon 2026 la se yon edisyon istorik. Se premye fwa nan istwa konpetisyon sa a li fèt ak 48 peyi pami yo Grenadye yo.
Pou premye match Almay nan Mondyal sa a, blan alman yo maltrete Kiraso. Yo balaye seleksyon Kiraso a avèk 7-1. Viktwa sa a se dezyèm viktwa yon peyi ewòp nan Mondyal la jiskaprezan. Premye ekip ewòp ki te fè viktwa a malerezman se Grenadye yo ki te peye sa (Ekòs 1-0 Ayiti).
Aprè 8 match nan Mondyal la Almay se ekip ki fè pi gwo eskò a nan tout ekip yo. Yon lòt bò Kiraso se ekip ki pran plis gòl nan mondyal la jiskaprezan.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou