FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Yon jèn gadyen fè 8 arè nan yon match nan Mondyal la

imaj atik la

14 jen 2026   Benswilkenson Jean   545

Seleksyon Tiki a tonbe 2-0 pou premye match li nan Mondyal la. Ostrali fè viktwa sa a gras ak Patrick Beach ki reyalize 8 arè nan match la.


Patrick Beach gadyen Ostralyen ki gen sèlman 22 lane reyalize yon match plis pase estrawòdinè yèswa nan kad premye match peyi l Ostrali nan Mondyal la. Patrick Beach se yon jèn gadyen ki ap jwe nan klèb Melbourne City a nan peyi l.

Jèn gadyen an reyalize 8 arè desizif nan match la pou ede ekip Ostrali a rache premye viktwa l nan Mondyal la. Malgre majorite pas li yo pa t reyisi men gan Patrick te byen asire fas ekip Arda Güler a.

Tout arè sa yo fèt nan kare li a, Patrick Beach se te potorik gason ki te kenbe defans ekip Ostrali a nan match sa a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )