AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Antrenè Migné bay Ayiti yon ti pik

imaj atik la

13 jen 2026   Benswilkenson Jean   625

Antrenè fransè a Sébastien Migné se chèf sanba Grenadye yo nan Mondyal la. Migné fè konnen se lè Ayiti nan pwoblèm li toujou reveye l.


Sébastien Migné fè yon ti pale ak jounalis Federasyon ayisyèn lan ayè nan antrènman. Nan ti bat bouch sa a, Migné fè konnen ekip la jwenn yon bon akèy. Nèg yo alèz kote yo mete yo pou prepare Mondyal la.

Sèl bagay ki tris pou antrenè fransè a se obligasyon li te genyen pou anonse Leverton Pierre malerezman li pa ka reyalize rèv li a ane sa a pou l jwe Mondyal la. Pou antrenè fransè a anons sa a te fè l mal anpil anpil pou te fè jwè a konn sa.

Daprè Sébastien Migné sa ki ba li kouraj se paske lè Ayiti nan pi gwo pwoblèm se lè sa a li reveye l. Se lè sa a peyi a gen fòs. "Se toujou menm jan an ak Ayiti, moman pwoblèm yo nou transfòme yo an fòs" deklarasyon Migné.

N ap raple se Garven Metusala ki ranplase Leverton Pierre nan seleksyon an. Ayiti ap jwe samdi 13 jen an kont Ekòs pou premye match li nan Mondyal la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )