FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Èske w te konnen se pa premye fwa Meksik ak Afrik Disid louvri yon Mondyal?

imaj atik la

11 jen 2026   Steve Pierre   1090

Mondyal la toujou pote gwo emosyon, gwo rapèl, ak moman ki antre nan listwa foutbòl la. Chak katran, ouvèti konpetisyon an vin tounen yon evènman sou planèt la kote tout je fikse sou premye match la. Ane sa a ankò, listwa sanble ap fè yon ti retou ki chaje sans: Meksik kont Afrik Disid ap louvri konpetisyon an. Men sa ki enteresan an: se pa premye fwa de (2) seleksyon sa yo rankontre nan match ouvèti yon Mondyal.


Pou nou konprann enpòtans rankont sa a, nou dwe retounen nan Mondyal 2010 la, ki te fèt nan peyi Afrik Disid, premye fwa sou tè Afriken an.

Nan dat ouvèti konpetisyon an, Afrik Disid te resevwa Meksik nan Soccer City a (FNB Stadium) nan vil Johannesburg. Match la te fini (1-1), men li rete youn nan ouvèti ki pi memorab nan listwa Mondyal la.

Siphiwe Tshabalala te make premye gòl konpetisyon an nan 55èm minit, yon frap lejandè ki make listwa kòm premye gòl Mondyal 2010 la. Rafael Márquez egalize pou Meksik nan 79èm minit, sa ki pote balans nan match la.

Se te yon ouvèti san gayan, men ki te bay yon mesaj klè: Afrik Disid te pare pou òganize yon Mondyal istorik.

Plis pase 15 lane aprè, istwa a ap fè yon retou etonan. Mondyal 2026 la ap kòmanse ankò ak menm afich la:
Meksik kont Afrik Disid. Men fwa sa a, kontèks la diferan nèt.

Mondyal 2026 la se yon edisyon espesyal, paske li se premye fwa konpetisyon an ap fèt ak 48 ekip, yon nouvo fòm ki elaji konpetisyon an pi plis pase tout lòt edisyon anvan yo.

Anplis, se yon Mondyal ki òganize pa twa (3) peyi ansanm: Etazini, Kanada ak Meksik, sa ki fè li tounen youn nan pi gwo pwojè òganizasyon nan listwa FIFA.

Meksik, ki deja gen yon gwo eritaj nan foutbòl Mondyal la, ap jwe yon wòl santral nan evènman an, Estadio Azteca rete youn nan estad ki pi lejandè nan CONCACAF la.

Match ouvèti a ap jwe nan Estadio Azteca kont Afrik Disid a 3zè aprèmidi (lè Ayiti).

Sa pa sèlman yon match foutbòl: se yon rankont ant pase ak prezan, ant memwa 2010 la ak nouvo jenerasyon an.

Meksik ap chèche demare konpetisyon an ak fòs lakay li, pandan Afrik Disid ap chèche raple mond lan ke li toujou kapab fè gwo pèfòmans sou sèn entènasyonal la.

Mondyal 2026 la deja ap pwomèt anpil emosyon. Men lè Meksik ak Afrik Disid louvri konpetisyon an ankò, sa vin tounen plis pase yon senp match.

Istwa 2010 la fini, yon nouvo chapit ki ap ekri, ak yon rapèl foutbòl toujou gen kapasite pou fè tan pase ak tan prezan rankontre sou menm teren an. Mond lan ap tann yon nouvo Tshabalala oubyen yon nouvo Márquez.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )