FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Youn nan nouvo règ FIFA yo aplike pou premye fwa nan yon match nan Mondyal la

imaj atik la

13 jen 2026   Benswilkenson Jean   635

Pou Mondyal 2026 la FIFA ak IFAB te mete yon seri nouvo règleman nan jwèt la. Pami yo youn ladan yo aplike nan match Etazini kont Paragwe a.


Match Etazini-Paragwe a konte kòm 4èm match nan Mondyal 2026 la. Nan match sa a abit santral la Danni Makkelie ansanm ak Asistans VAR la aplike youn nan nouvo règ FIFA yo.

Règ yo aplike se elajisman espas desizyon VAR la sou tèren sitou nan sa ki gen pou wè ak desizyon abit santral la sou katon jòn yo. Nan match Paragwe a, jwè ameriken an Tim Ream te pran yon katon jòn akoz selon abit santral la li te fè yon fot sou jwè paragweyen an Miguel Almiron.

Abit la te gentan bay koufran pou ekip Paragwe a ki menm manke fè gòl sou aksyon an, epi VAR te kontakte l pou l retounen sou desizyon katon jòn li te bay jwè ameriken an. Abit la te fè sa VAR te di l la epi retire katon jòn li te bay jwè ameriken an. Kounye a li bay jwè paragweyen an li pou similasyon.

Se pou premye fwa youn nan nouvo règ FIFA yo aplike nan Mondyal 2026 la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )