Tree Lions yo nan yon gwo tèt chaje anvan yo demare premye match yo nan Mondyal la. Vòlè fouye machin estaf antrenè a.
Pandan seleksyon anglèz la rete kèk jou pou li jwe premye match li nan Mondyal 2026 la, y ap konfwonte ak plizyè pwoblèm. Vòle fouye machin pèsonèl teknik estaf antrenè Tree Lions lan epi pote ale prèske tout bagay avèk yo.
Daprè enfòmasyon yo, vòlè yo pote ale kranpon, balon, materyèl antrènman ak ekipman estaf la. Nan sa ki te gen nan machin lan yo kite yon sèl grenn balon.
N ap raple anvan sa seleksyon anglèz la rankontre plizyè lòt pwoblèm ankò kote yo etabli kan baz yo a. Premye sa yo te jwenn se yon tranbleman tè ki te pase tou prè yo, aprèsa ta pral gen yon fiziyad nan menm zòn lan ankò.
Fwa sa a kou a pi di pou yo ki pèdi tout materyèl antrènman yo pandan yo pa lwen jwe premye match yo nan Mondyal la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou