Kredi Foto: @Fédération haïtienne de football (FHF)
Kèk èd tan avan Grenadye yo fè gran so an nan Koup Dimond 2026 lan, Frantzdy Pierrot fè konnen Ayiti pa vini nan konpetisyon an kòm yon senp figiran. Atakan ayisyen an fè konnen yo espere reprezante yon fòm espwa pou timoun yo an Ayiti.
Grenadye an te pwofite entèvyou sa li fè avèk jounal L'Équipe lan pou retounen sou pèsepsyon anpil moun genyen sou ekip ayisyèn lan ki pou yo ap sèlman vin jwe twa match. Frantzdy Pierrot fè konnen sa yo panse an se pa sa ditou paske se tout pèp ayisyen an ki dèyè ekip lan.
« Lè Nou te kalifye an, se pou premye fwa mwen ta pral wè dlo ap koule nan je papa m. Se lè sa m ta pral rann mwen kont nou reyalize yon bagay espesyal », yon ti bout nan entèvyou sa kote Grenadye an t ap pale sou emosyon patisipasyon Ayiti nan Koup Dimond lan pwovoke lakay piblik ayisyen an.
Frantzdy Pierrot rapouswiv pou retounen sou sitiyasyon Ayiti an li rekonèt ki make ak yon vyolans ki pa janm sispann, epi absans opòtinite pou jèn ki fini lekòl yo. « Lòtbò a, ou kapab fini lekòl, men pa gen lekòl, travay e menm espwa aprè », sa li fini pou l di.
N ap raple, malgre sitiyasyon jeneral peyi a, tout popilasyon an mobilize pou sipòte Grenadye yo ki retounen nan yon faz final Koup Dimond 52 lane aprè.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou