Seleksyon espanyòl la jwe premye match li nan Mondyal 2026 la. Match sila a te jwe nan Mercedes Benz Staduim. Jwè espanyòl yo al pantan sou yon Kapvè ki kanpe an kwa pou pa kite filè yo tranble.
Malgre yon pousantaj 74% posesyon balon, seleksyon espanyòl la pa t reyisi met boul la nan filè Kapvè. Nan match sa a Espay fè 27 chout nan kan an pami yo 7 kadre. Men gadyen 40 lane seleksyon afrikèn lan Vozinha pa t bay chans.
Nan zafè kenbe balon Espay se mèt nan bagay sa a. Espanyòl yo fè 800 pas pandan Kapvè li menm fè sèlman 278. Espay jwenn 11 kònè nan match la, Kapvè jwenn yon sèl grenn. Pou yon lòt fwa ankò foutbòl la montre rezilta match se sou tèren sa diskite. Se fen match la sèlman ki ap di ki sak t ap fèt sou tèren an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou