FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Pi wouye pi koupe, Messi ofri Ajantin premye viktwa l nan Koup Dimond lan

imaj atik la

17 Jen 2026   Jacky Chéry   735

Ak 38 lane, ou gen enpresyon Lionel Messi kapab kontinye jwe foutbòl nan wo nivo a pandan lontan ankò. Pou premye match Albiceleste an, atakan ajanten an bat Aljeri pou kont li avèk yon triple ki fè l rantre nan listwa pi plis toujou.


Pou premye match chanpyon dimond yo nan Koup Dimond 2026 lan, Lionel Messi se te prensipal vedèt la, jan sa toujou ye depi l sou tèren an. Pou 200èm match li avèk Seleksyon Ajantin lan, Pulga fè twa gòl ki se premye triple li enskri nan yon faz final Koup Dimond.

Akote triple sa, Messi te deja vini premye jwè ki jwe 6 faz final Koup Dimond. Yon rekò Cristiano Ronaldo kapab rejwenn jodi mèkredi an avèk Pòtigal, e menm Guillermo Ochoa kapab rantre nan lis la tou avèk Meksik.

Nan pil ak pakèt rekò ki tonbe yèswa yo, atakan Inter Miami an vini dezyèm jwè ki make nan 5 edisyon Koup Dimond, dèyè Cristiano Ronaldo ki gen posiblite pou rantre pi fon toujou nan istwa kòm sèl jwè ki fè gòl nan 6 edisyon Koup Dimond youn aprè lòt.

Lionel Messi nan match yè an vini jwè ki pi granmoun ki fè yon triple nan yon faz final Koup Dimond a 38 lane 357 jou. N ap note tou, pèfomans atakan ajanten an vini jou pou jou 20 lane aprè l te jwe pou premye fwa nan yon faz final Mondyal, se te an 2006.

Pi gwo rekò Messi mete sou pye nan match 10/10 li fè yèswa a, li rejwenn Miroslav Klose avèk 16 gòl kòm meyè bitè istwa Koup Dimond lan. Pulga a ap laj, men dimansyon l kòm jwè foutbòl kontinye rete kòm youn nan pi gwo jwè limanite janm konnen.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )