Match premye jounen sila k ap mete peyi oganizatè a Kanada fas Bosni Èzegovin lan, se youn nan afich gwoup B a pou Koup Dimond 2026 sa k ap fèt nan 3 peyi diferan.
Match premye jounen sila k ap mete peyi oganizatè a Kanada fas Bosni Èzegovin lan, se youn nan afich gwoup B a pou Koup Dimond 2026 sa k ap fèt nan 3 peyi diferan.
Depi aprè 1986 ak 2022, Kanada ki se yon reprezantan CONCACAF la, pral jwe 3èm Koup Dimond li nan tout listwa konpetisyon an. Devan piblik yo, seleksyon kanadyèn lan ap gen pou demare konpetisyon sa avèk yon sèl objektif, byen reprezante, ranpòte premye Mondyal yo pou make listwa.
Ekip Kanadyen an ki pral abòde konpetisyon sa, gen nan tèt li, seleksyonè ameriken an Jesse Marsch. Depi lè l rive nan tèt seleksyon an, ekip Kanada a vin gen plis konfyans sitou aprè bèl pakou yo te fè nan Copa America a.
Kote Bosni Èzegovin, se dezyèm patisipasyon l nan yon Koup Dimond aprè sa te fin fèt nan lane 2014. Pou patisipe nan gwo konpetisyon sila k ap fèt nan 3 peyi pou 2026 lan, bosnyen yo te kreye yon bèl sipriz pandan yo elimine Itali nan match baraj epi rache biyè ki sèvi yo kòm paspò pou bout konpetisyon sa.
Pou rive la, seleksyon Èzegovin lan te konte sou Sergej Barbarez ki bati yon ekip ranpli ak disiplin, konbativite e mete an plas yon ekip ki pa manivre fasil.
Kòman sa ye pou kèk jwè nan efektif Kanadyen an?
Pou eseye fè fas ak yon ekip ranpli ak konfyans, Kadanda ki gen Jonathan David kòm pilye atak yo an, pral oblije konte sou jwè Juventus la pou fè diferans. Pou enfo, Jonathan se meyè bitè tout listwa Kanada e se veritab zam ofansif seleksyon an. Aprè, yo kapab konte sou Cyle Larin ki se yon atakan ranpli ak eksperyans.
Sou koze sipèsta, Alphonso Davies rete kòm referans anndan seleksyon an malgre li kòmanse bese fizikman avan menm tounwa te kòmanse sa ki kreye yon ensètitid lakay li pou jwe premye jounen an.
Sou kiyès Bosni kapab konte pou ekri listwa?
Pou tante devye pyèj Kanadyen yo, Zmajevi (Dragon) yo ap gen pou konte sou lejann nasyonal yo a, Edin Džeko ki deja make 73 gòl sou koulè seleksyon an. Bò kote l, se pral Ermedin Demirović ki se yon lòt atakan ki aktif pandan Sead Kolašinac pral gen pou repouse tantativ ekip lokal la.
Kisa nou kapab atann sou match sa?
Nan premye match ofisyèl ant 2 peyi sa yo, nou kapab di Kanadyen yo parèt favori akoz avantaj tèren an. Men, Bosni Èzegovin rive nan konpetisyon an ak yon seri ki gen bèl rezilta, konfyans lan enòm lakay yo aprè yo te mete Itali deyò. Kote piblik, yo kapab atann yo ak yon match ki fizik anpil kote se pral taktik ki ap estrateji ki ka pote viktwa nan kan youn ou lòt.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou