FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Ronaldo Nazario bay yon konsèy ki pa bon pou Ayiti

imaj atik la Kredi Foto: @FHF

18 jen 2026   Benswilkenson Jean   127

Ansyen jwè seleçao Ronaldo Nazario mande pou Brezil ta dwe san pitye pou Ayiti Vandredi a.


Grenadye yo ap antre nan batay pou dezyèm match yo nan mondyal la fas seleksyon ki gen plis etwal nan mond lan nan zafè foutbòl (Brezil). Nan match sa a seleksyon ayisyèn lan gen gwo responsablite sou do l ki se fè lemonn wè se pa plezi nou vin pran nan Mondyal la.

Ansyen jwè Real Madrid la Ronaldo Nazario fè konnen pwochen match kont Ayiti a enpòtan pou yo tout pran konfyans. Viktwa se li k ap bon pou yo. "Se pou tèt sa nou dwe pwofite tout okazyon nou jwenn pou fè gòl, paske diferans gòl la se li ki pral deside ekip ki ap fini premye nan gwoup la" deklarasyon Ronaldo.

Pandan tout mond lan gentan bay Brezil genyen sou papye men foutbòl toujou rezève yon prensip. Balon an won pou tou 2 ekip yo, se tèren an k ap konn kiyès ki ap genyen. Nou siprann lemonn plizyè fwa deja nan istwa nou, demen se kapab yon ènyèm fwa ankò pou nou siprann lemonn. Nou te bat Lafrans nan epòk yo te gen pi gwo lame mond lan. 5 etwal brezil la paka fè nou pè paske nou se Grenadye.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )