AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Sébastien Migné mete lis jwè k ap lanse dènye faz eliminatwa mondyal 2026 lan

imaj atik la

27 dawout 2025   Jacky Chéry   828

Federasyon Ayisèn foutbòl pibliye jodi mèkredi 27 dawout lan lis 23 jwè Sébastien Migné konvoke pou 2 premye match seleksyon nasyonal ayisyèn lan ap gen pou jwe nan kad dènye faz eliminatwa Mondyal 2026 lan.


San twòp sipriz, seleksyon nasyonal ayisyèn lan pral gen pou konte sou jwè kad li yo pou jwe kont Onndiras ak Kostarika nan dat 5 ak 9 septanm k ap vini la. Lis lan pibliye sou paj ofisyèl Federasyon ayisèn foutbòl (FHF) sou tout rezo sosyal yo.

Nan lis 23 sa Sébastien Migné konvoke an, genyen 4 ladan yo ki pral gen pou fè premye zam yo avèk ekip nasyonal lan. Prensipal vedèt lis sa se mitan tèren Wolverhampton lan, Jean Ricner Bellegarde ki reponn konvokasyon ekip nasyonal lan pou premye fwa.

Atakan Vizela FC, klèb dezyèm divizyon nan peyi Pòtigal, Yassine Fortuné, se youn pami nouvo non ki konvoke yo. Nou jwenn egalman Jerry Desdunes k ap evolye nan peyi Etazini ak Keeto Thermoncy, gran frè Wasson Thermoncy k ap evolye avèk seleksyon nasyonal U-17 lan.

Lis lan konplè :

Gadyen

Johny Placide, Alexandre Pierre, Garissone Innocent

Defansè

Ricardo Adé
Carlens Arcus
Martin Experience
Markhus LaCroix
Jean Kévin Duverne
Gaven Metusala
Keeto Thermoncy

Mitan tèren

Danley Jean Jacques
Jean Ricner Bellegarde
Leverton Pierre
Carl Fred Sainté
Jerry Desdunes
Christopher Attys
Théo Michel

Atakan

Duckens Nazon
Frantzdy Pierrot
Fabrice Picault
Don Deedson Louisius
Yassine Fortuné
Ruben Providence

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )