AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Anpil plenyen pou kèk jwè k ap rate faz final mondyal U-17 lan

imaj atik la

27 dawout 2025   Jacky Chéry   1115

Nan anviwon 2 mwa ankò, seleksyon nasyonal ayisyèn U-17 lan ap gen pou patisipe nan mondyal bò kote gason yo. Aprè plizyè semèn preparasyon, antrenè ekip lan Eddy César kòmanse gen yon lidè klè sou jwè l ap mennen Kata yo.


Nan entèvyou avèk seksyon kominikasyon FHF lan, seleksyonè U-17 lan konfime entegrasyon nouvo talan nan ekip lan. Sa ki vle di otomatikman gen jwè ki te prezan nan eliminatwa ki te fèt Onndiras lan k ap rate faz final lan.

Sou tout rezo sosyal yo, anpil vwa kòmanse ap leve sou absans yon seri jwè nan ekip la pou pwochen faz preparasyon an k ap gen pou rapouswiv nan peyi Jamayik ak Espay. Premye eleman enfòmasyon yo fè konnen gen 7 nouvo jèn jwè k ap rejwenn seleksyon an, ladan yo 4 ki sòti nan peyi Etazini.

Aprè semèn preparasyon an Ayiti an, antrenè seleksyon an te konfime gen 7 nan jwè ki te nan eliminatwa yo ki pèdi plas yo an pou lòt jèn ki pi konpetitif. M. César te presize desizyon sou chwa sa yo fèt ak anpil metòd, kontrèman ak jan sa te konn fèt anvan.

Annatandan seleksyon an demare dezyèm faz preparasyon an nan peyi Jamayik, kritik yo anpil sou desizyon pou vini avèk nouvo jwè nan ekip lan. Yon demach estaf teknik lan kanpe deyè l, malgre pale anpil k ap fèt sou rezo sosyal yo pou prezante jwè ki pa la yo kòm viktim yon mannèv ki pa fin klè.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )