AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

LIPOFU fikse kalandriye pou sezon 2025/2026 lan

imaj atik la

28 dawout 2025   Steve Pierre   774

Direksyon Lig Pòtoprensyèn Futsal la (LIPOFU) mete deyò kalandriye ofisyèl pou sezon 2025-2026 la. Nan yon nòt ki pibliye lendi 25 dawout 2025, lig la fè konnen nouvo sezon an ap kòmanse 15 novanm 2025 epi ap fèmen 30 me 2026 k ap gen pou vini.


Premye etap la, se enskripsyon ekip yo. Sa ap fèt sòti 10 septanm 2025 pou rive 10 oktòb 2025. Nan peryòd sa a, tout klèb ki vle patisipe dwe regle dosye yo pou garanti plas yo nan konpetisyon yo.

Aprè sa, lig la prevwa yon lòt faz pou premye oktòb rive 20 oktòb 2025, ki pral konsakre ak enskripsyon jwè yo ansanm ak estaf teknik chak ekip. Sa vle di, aprè dat sa yo, tout ekip ap gen lis ofisyèl yo pare pou nouvo sezon an.

Anvan sezon regilye a menm kòmanse, LIPOFU ap òganize 6èm edisyon Festi-Futsal la, ki fikse pou 25 oktòb 2025. Se yon tounwa amikal ki toujou pote anpil animasyon, kote fanatik yo gen chans wè nouvo transfè yo ak fòmasyon ekip yo pou ane a. Se sèlman ekip ki enskri pou sezon an ki gen dwa patisipe nan aktivite sa.

Yon lòt gwo dat, se 8 novanm 2025, kote lig la ap òganize yon seremoni remiz twofe endividyèl. Nan okazyon sa a, pi bon jwè, pi bon gadyen, pi bon antrenè, ansanm ak lòt moun ki te make sezon 2025 lan ap resevwa lonè yo merite.

Evènman sa toujou pote anpil prestij paske li rekonèt travay moun ki te briye sou teren pandan sezon ki sot pase a.

Dat 15 novanm 2025 lan ap make ouvèti ofisyèl sezon 2025-2026 la. Se ap yon gwo lansman kote ekip yo ap antre nan batay pou tit yo ni bò gason ni bò fanm. Konpetisyon an ap dire plizyè mwa, daprè direksyon lig la, li ap pran fen 30 me 2026, avèk tout final yo ki ap dewoule menm jou a, jan tradisyon an egzije.

Nan nòt piblik la, direksyon LIPOFU te pwofite salye dirijan ekip yo, jwè yo, antrenè yo, ansanm ak tout laprès ak fanatik Futsal yo. Yo mete aksan sou wòl enpòtan piblik la nan siksè chak sezon, malgre defi peyi a ap travèse. “Ann mete men ansanm pou avansman Futsal la,” se mesaj klè responsab yo te voye pou tout kominote espòtif la.

Lig la deja swete tout ekip ki ap antre nan sezon 2025-2026 la yon bèl avanti espòtif, kote konpetisyon, respè ak pasyon ap kontinye fè Futsal vin pi gwo ak gen plis enpòtans nan zòn metwopolitèn nan.

KÒMANTÈ

Registe Wadlin 28 out 2025, 4:45 PM
Mw salye tout staf goalayiti pou bon travay yap fè nan peyi a spesyalman sipò yap bay futsal la. Felisitasyon pou bèl atik sa nou ekri sou sezon 2025-26 OF2026 la Kontinye konsa mesye dam sitou pou lang kreyol la nap valorize a paske nou se youn nan ra medya an liy ki fè sa
    

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )