Mitan tèren entènasyonal ayisyèn Anyssa Ibrahim reyisi premye match tès li avèk Le Mans FC. Grenadye an enskri yon double nan viktwa San ak Lò yo fas Quevilly Rouen Métropole.
Nan match zanmitay presezon, Anyssa Ibrahim te jwe yon gwo wòl nan viktwa Le Mans FC an 7-0 fas klèb twazyèm divizyon Quevilly Rouen Métropole.
Mitan tèren ayisyèn 26 lane an ki te titilè pou match tès sa, enskri yon double nan kanaval gòl sa San ak Lò yo enskri nan match sa ki jwe samdi pase an.
Anyssa Ibrahim ki t ap evolye sezon pase an sou koulè Club Albergaria, kòmanse adapte l nan nouvo anviwònman foutbòl sa li rejwenn lan. Avèk Le Mans, mitan tèren ayisyèn lan ap prepare rantre Seconde Ligue lan.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou