Aprè klèb Al Nassr a te asiste Al-Ahli k ap leve twofe Sipèkoup Arabi a, klèb jòn e ble a chwazi itilize sa kòm yon fòs pou avanse. Deja, nan match ki konte pou premye jounen Saudi Professionnal League la, Al Nassr fè deplasman pou ale matirize nan King Abdullah Sport City Stadium lan ekip Al-Taawoon lan.

Aprè lòt tit sa yo sot rate a, ekip la pase kòlè a sou advèsè li a, li pilonnen yo (0-5). João Félix ki apèn rejwenn klèb Arabi a make 3 gòl pou ekip la nan 7èm, 67èm epi 87èm pandan Kingsley Coman pwofite fè premye gòl li sou nouvo koulè li ap jwe a nan 55èm. Cristiano Ronaldo ki pa t vle rate okazyon pou pa patisipe nan plezi a, bitè sou penalite nan 54èm minit epi ede ekip la fè premye viktwa l pou sezon an. Sadio Mané ki pa t gen chans jwe final lan patisipe nan masak sa ak yon pas gòl pou João.
Sou pas entènasyonal fransè a, gadyen ekip lan Nawaf Al-Aqidi ki sèvi Coman vini premye gadyen ki bay pas gòl pou sezon an nan SPL la. Entènasyonal pòtigè a se premye jwè jiska prezan ki fè yon triple pou sezon an ki apèn demare. Pou premye match ansyen jwè Atletico Madrid la, li fè tèt li plezi ak 3 gòl.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou