ARABISaudiProLeagueArabCupSaudiCupLòt
AKÈY ARABI SaudiProLeague

SaudiProLeague

Chanpyon C1 Azyatik yo gentan poze anpwent yo pou ouvèti chanpyona SPL la

imaj atik la

28 dawout 2025   Neuvième Junior   725

Dat 28 dawout 2025 sa, make ouvèti chanpyona Arabi Sawoudit tout moun konnen sou non Saudi Professionnal League. Pou lanse sezon 2025/2026 la, te gen 3 match klase pou premye jounen an ladan yo youn pami ekip ki fè pi bèl sezon nan kontinan azyatik la.


Nan twa rankont sa yo, Damac te gen randevou ak Al-Hazem ki apèn rejwenn konpetisyon nimewo 1 Arabi an. Pou fas kare sa, ekip yo pataje pwen match la ak yon nil (1-1). Al-Hazem se premye klèb ki jwenn e transfòme penalite an gòl pou sezon an ki apèn kòmanse.

Dezyèm rankont lan te mete Al-Ettifaq ki se klèb Wijnaldum lan anfas Al-Kolhood. Kont Kolhood, ansyen jwè Liverpool la bitè pou ede ekip li a konnen premye viktwa yo (2-1) pou pran premye 3 pwen chanpyona a.

Pou fini, chanpyon Azyatik 2024/2025 lan Al Ahli ki sot anpeche Cristiano Ronaldo leve premye tit li ak Al-Nassr, fè yon kout viktwa (1-0) pou premye sòti yo nan SPL la. E viktwa sa vini gras ak Ivan Toney ki pini klèb Neom SC a. Klèb sa ki tonbe nan premye jounen an, se chanpyon an tit chanpyona dezyèm divizyon Arabi Sawoudit la. Ekip sa ki fèt rejwenn D1 Arabi a gen yon pakou ki prezante konsa;
Chanpyon Arabi Sawoudit D4
2021-2022
Chanpyon Arabi Sawoudit D3
2023-2024
Chanpyon Arabi Sawoudit D2
2024-2025
Èske yo pral kreye sipriz pou ta anpeche Al-Hilal, Al-Nassr e chanpyon an tit la Al-Ittihad chanpyon pou sezon sa?
Lane 2026 la n ap gen repons lan.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )