ANGLETÈPremierLeagueChampionshipFACupLòt
AKÈY ANGLETÈ PremierLeague

PremierLeague

Ruben Amorim sibi yon imilyasyon ki koz medya peyi Angletè san pitye

imaj atik la

28 dawout 2025   Neuvième Junior   548

Depi lè li siyen sou ban Manchester United la mwa novanm lane pase, manadjè Ruben Amorim pa janm kapab jwenn solisyon pou relanse klèb anglè a.


Yè mèkredi a, Red Devils yo konnen yon lot imilyasyon kote yo pèdi fas Grimsby Town (2-2, 11 a 12 penalite.), kont klèb sila ki twouve l nan 4èm divizyon peyi Angletè. Defèt la vini pandan 32èmfinal League Cup lan. E pou montre koutim lan toujou la nan peyi majeste a, teknisyen pòtigè a resevwa anpil kritik aprè gwo echèk sa.

Pou The Guardian, ansyen antrenè Sporting Portugal la manke gen enpak sou ekip la, e yo fè konnen sa kapab reprezante yon anomali pou ekip la. "Amorim te kapab viv ak yon defèt tout fwa yo ta pèdi nan Old Trafford la fas Burnley samdi nan Premier League la. Yo t ap konpra'n defèt sa apre klèb la fèt depanse 232 milyon ewo pou nouvo jwè. Men, lè apre nèf mwa depi li la, Amorim kontinye mete jwe yon ekip ki manke vivan, ki pal san anvi ki pa solid e li toujou ak yon chema ki fasil pou idantifye," sa pa montre Nivo li daprè sa jounal la fè konnen.

Yon lòt bò, Manchester Evening News avanse pou di yo gen enpresyon kotch la kondane. "Langaj kòporèl Amorim sanble ak yon antrenè ki kondane pandan yon pakèt tan nan sware a" piblikasyon medya.

Daily Mail te plis dirèk pandan yo di "se yon echèk patetik pou Amorim", poutan The Telegraph ap "poze kesyon sou kapasite lwizitanyen" " pou fè pi move ekip nan tout listwa klèb Manchester United genyen".

Sou kontra jiska 2027 ak MU, Amorim twouve li nan yon pozisyon ki fè tout moun ap konteste li. Men antrenè a mande yon ti tan pou jwenn solisyon e fanatik yo di li te gen twòp tan pou mete ekip la sou pye.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )