ANGLETÈPremierLeagueChampionshipFACupLòt
AKÈY ANGLETÈ FACup

FACup

Yon ekip 4èm divizyon elimine Manchester United nan Koup Angletè a

imaj atik la

27 jen 2025   Benswilkenson Jean   423

Manchester United koule nan Koup Angletè a fas yon ekip 4èm divizyon.


Reds Devils yo ap nwaye pi rèd malgre kantite lajan yo depanse sou mache transfè a.

Grimsby Town se non klèb 4èm divizyon sa ki elimine Manchester United jodi a nan koup Angletè a. Klèb sila ki fonde nan lane 1878 ap jwe nan katriyèm divizyon chanpyona anglè a depi 2022-2023 elimine Reds Devils yo nan seyans penalite aprè yo fè 2-2 nan tan règlemantè a.

Ekip sa te gen plis nivo pase mankounyen yo nan match la lè yo mennen 2-0 depi nan premye mitan sou Reds Devils yo.

Koyekipye Ruben Amorim yo ta pral oblije tann jis nan 15 dènye minit match la pou te reyaji epi jis yo voye match la nan seyans choute penal.

Lè yo rive nan seyans choute penal, klèb katriyèm divizyon an mete do Manchester United atè 12-11 nan seyans penalite.

Malgre plis pase 200 milyon ewo depanse, men domaj se 2 nouvo jwè pami sa yo achte yo ki rate penalite yo a (M. Cunha ak B. Mbeumo).

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )