ANGLETÈPremierLeagueChampionshipFACupLòt
AKÈY ANGLETÈ PremierLeague

PremierLeague

Tottenham pran nan yon sipriz nan Premier League la

imaj atik la

30 dawout 2025   Benswilkenson Jean   532

Tottenham te jwe 3èm jounen Premier League la kont Bournemouth. Spurs yo pran nan yon sipriz.


Nan kad 3èm sòti yo nan chanpyona anglè a, Tottenham resevwa Bournemouth nan Tottenham Hotspurs Stadium lan.

Ekip Bournemouth lan bay Spurs yo yon sipriz lè li ba yo yon gòl depi nan 5èm minit match la sou pye atakan brezilyen 25 lane a Evanilson.

Grenn gòl sila te tou kole nan kòsaj Spurs yo ki pa janm rive egalize nan match la malgre yon posesyon 62%.

Selon estatistik yo, ekip Bournemooth la te pi danje devan kan an avèk 19 chout ladan yo 6 kadre. Pandan pou ekip Tottenham lan yo fè sèlman 5 chout nan kan an.

Defèt sa kite ekip Tottenham lan ak 6 pwen aprè 3 jounen nan Premier League la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )