AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Ant Jean Kevin Duverne ak Hannes Delcroix kiyès ki ta dwe titilè pou premye match Mondyal la?

imaj atik la Kredi Foto: @Golayiti

09 jen 2026   Benswilkenson Jean   1017

Seleksyon nasyonal la ap demare dezyèm Mondyal nan istwa l 13 jen ki ap vini la a. Selon pèfòmans ak kalite 2 defansè sa yo kiyès ki ta dwe bò kote Ricardo Adé nan 11 ki ap demare pou Ayiti a?


Pou Mondyal la Sébastien Migné gen 26 jwè nan men l ki prè pou al leve drapo peyi a byen wo nan dezyèm patisipasyon istorik seleksyon nasyonal la nan Mondyal. Nan 26 jwè sa a chanyè defansif seleksyon an se youn nan pati ki enpòtan nan ekip la.

Ban defans lan ki divize an 3 pati (santral, lateral goch, lateral dwat). Premye pati a ki se santral la gen anpil anpil anpil chay sou do l nan match pou grenadye yo. Nan pati sa a antrenè fransè a gen 4 pami jwè ki nan chanyè defansif lan ki jere pòs santral la. Jwè sa yo se : Jean-Kevin Duverne, Ricardo Adé, Keeto Thermoncy ak Hannes Delcroix.

Nan 2 dènye match amikal ki pou prepare Mondyal la, antrenè fransè a te eseye demare match yo ak 3 nan 4 jwè sa yo (Adé, Duverne ak Delcroix). Nan premye match la kont Nouvèl Zelann, antrenè a te titilarize Duverne bò kote Adé. Li ta pral desann yo nan dezyèm mitan an pou l moute Hannes Delcroix. Li ta pral pase nan yon defans a 3 avèk Paugain, Hannes ak Duke Lacroix. Lè li te retire Duverne lan se yon atakan li te mete nan plas li (Y. Fortuné).

Nan dezyèm match la kont Pewou, li te demare avèk Hannes bò kote Adé. Duverne ta pral antre nan plas Adé nan 60èm minit. Hannes nan match sa a te bay yon bèl prestasyon. SofaScore te ba li yon nòt 7.3. Adé li menm te jwenn yon nòt 6.9 epi Duverne te jwenn yon nòt 6.3.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )