AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Lourdjina Etienne kòmanse tranble filè ak seleksyon nasyonal la

imaj atik la

8 jen 2026   Benswilkenson Jean   1324

Jèn atakan ayisyèn lan Lourdjina Etienne kòmanse fè advèsè Ayiti yo wè sa l peze sou tèren. Jèn atakant lan kòmanse bay gadyen advès yo latranblad.


Lourdjina Etienne ki apèn jwenn chans jwe ak seleksyon nasyonal ayisyèn lan deja kòmanse montre kapasite l devan gòl ekip advès yo. Sou 2 rankont li jwe ak seleksyon fanm Grenadye a, jèn etwal ayisyèn lan gentan tranble filè 2 fwa pou 2 match yo.

Fanm grenadye a ki pase nan plizyè ekip jèn seleksyon nasyonal la finalman jwenn chans pou l briye ak gran seleksyon an malgre plizyè fwa li te konn seleksyone men pwoblèm administratif te fè l pa t janm ka rejwenn ekip la. Pou fenèt FIFA sa a Lourdjina reponn prezan an gran jan e fè advèsè li yo peye sa.

Revelasyon seleksyon nasyonal U17 2024 la jwe premye match li ak seleksyon nasyonal la 5 jen 2026 la kont ekip Nouvèl Zelann lan. Li te make yon gòl nan viktwa medam Grenadye yo 2-1 kont ekip ekip oseyani an. Pou dezyèm match li ak grenadye yo li tranble filè ankò nan viktwa yo fè jodi a 3-1 kont peyi Gine.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )